Rezime pwojè a
Soti nan fich pwojè a (Fact Sheet), novanm 2026
Le 1ye me 2026, Weaver’s Cove Industrial Park LLC (“WCIP”), ki se Pwomotè Pwojè a, te soumèt yon aplikasyon Plan Jesyon Ranblè (“FMP”, an angle) bay Depatman Pwoteksyon Anviwònman Massachusetts (“MassDEP”) pou pwochen etap devlopman sit la (“Pwojè a”) nan 1 New Street (“Pwopriyete a”) nan Fall River. Pwomotè a ap mande MassDEP apwobasyon pou l ka reyitilize tè pou ranpli, kouvri (bouche) epi devlope Pwopriyete vid la. Sa a se rezime WCIP sou Pwojè a ak pwosesis revizyon MassDEP pral swiv la.
Objektif: WCIP vle enpòte bon materyèl ranblè pou leve nivo Pwopriyete a epi kouvri sit la pou prepare l pou devlopman nan lavni, pou kreye nouvo travay epi ogmante baz taks Fall River, epi an menm tan mete plis ranblè sou ansyen aktivite Shell yo.
MassDEP pral revize aplikasyon WCIP a epi evalye kritè ki di ki tè Pwojè a ka aksepte ak kijan Pwomotè a pral aplike yo, apre Pwosesis Patisipasyon Piblik la fini.
- Enstalasyon
- Weaver’s Cove Industrial Park LLC
- Kote
- One New Street, Fall River MA
- Dat yo soumèt Plan Jesyon Ranblè a
- 1ye me 2026
Dokiman
Chak dokiman disponib an kreyòl ayisyen, angle, panyòl ak pòtigè. Tout fichye yo se PDF.
- Español: Traducciones de cortesía. Si hay diferencias, prevalece el original en inglés.
- Português: Traduções de cortesia. Em caso de diferença, prevalece o original em inglês.
- Kreyòl ayisyen: Tradiksyon pou ede w konprann. Si gen diferans, se orijinal angle a ki konte.
Fèy enfòmasyon (Information Sheet)
Plan pou Jesyon Tè Ranblè (Fill Management Plan)
Rapò sou Jesyon Dlo Lapli (Stormwater Management Report)
Kijan pou bay kòmantè
Odyans Piblik: Morton Auditorium le 8 desanm 2026, a 6:00 pm. Morton Auditorium nan James Madison Morton Middle School, 1135 N Main Street, Fall River, MA, 02720.
- WCIP pral fè yon reyinyon piblik, aksepte kòmantè, reponn tout kòmantè yo, epi soumèt kòmantè yo ak repons yo bay DEP pou revizyon.
- Apre revizyon li, MassDEP pral pibliye yon desizyon pwopoze, ak yon lòt peryòd 30 jou pou kòmantè piblik.
Kontak
-
David A. Murphy PE
Murphy & McMahon Engineering
-
Joseph Salvetti LSP
Civil & Environmental Consultants, Inc.
Bay kòmantè sou entènèt
Ou dwe ranpli chan ki make “obligatwa” yo.